Yon moun mouri e 5 lòt kouche lopital pou entoksikasyon monoksid kabòn nan Pòdpè

455

04/14/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Otorite yo nan vil Pòdpè anrejistre ozanviwon 9 è nan madi aswè 13 avril 2021 an, yon kadav e kouri lopital ak 5 lòt moun ki tap lute ak lanmò anba gaz monoksid kabòn fèmen toufe anndan yon kay nan Ri Kapwà toupre zèsèl lekòl Frè yo nan vil Pòdpè.

Selon enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi, kay la te chaje avèk plizyè manm fanmiy ki te vin supòte pwòch yo ki te fwape anba lamò. Alòske, pandan sware a, yon delko t’ap mache e relache kabòn monoksid ki se yon gaz mòtèl ki arive touye youn nan fanmiy lan e mete 5 lòt moun nan yon sitiyasyon entoksikasyon monoksid kabòn gravman grav kote ke yo te oblije transpòte yo nan lopital bwid sou kou.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.