Katèl Mèri Pòdpe a anba tansyon : ant enterè popilasyon an ak presyon gwo nèg lajan yo

433
0
Share:
TRiboLAND

04/08/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan vil Pòdpe, yon nouvo tansyon politik ak administratif ap pran fòm nan tèt Mèri a, pandan plizyè vwa ap leve sou fonksyonman nouvo katèl la. Daprè divès enfòmasyon k ap sikile, Majistra Ralph Moreau ta sanble ap evolye nan yon anviwònman ki pa twò favorab pou li, ant presyon politik ak enterè ekonomik kèk sektè enfliyan. Avèk yon efektif 2 sou 3, lòt manm katèl la, ke anpil moun idantifye kòm moun ki pwòch Chanm Komès Nòdwès la, ta gen avantaj sou nenpòt desizyon ki dwe pran sou baz vòt. Sitiyasyon sa a mete premye sitwayen vil la nan yon pozisyon delika, kote chak desizyon ka tounen yon tès fòs.

Selon kèk sous ke TRiboLAND.com kapab fè konfyans, youn nan premye dosye ki ta deja kreye friksyon se kesyon nominasyon Direktè Mèri Pòdpe a. Yo rapòte Majistra Ralph Moreau ta pwopoze yon non pou pòs sila, men lòt manm katèl la pa ta dakò, paske yo menm ta gen pwòp pwopozisyon pa yo ki ta soti nan Direksyon Chanm Komès la. Dezako sa a ta montre klèman gen yon lit enfliyans k ap pran jarèt anndan administrasyon an, kote kesyon enterè ak kontwòl parèt pi fò pase kesyon sèvis piblik. Gen moun ki menm rive kwè si presyon sa yo kontinye ap vale teren, nouvo majistra a ta ka rive konsidere opsyon voye tèt li an eta disponiblite pou evite sèvi kòm senp figi dekoratif nan tèt komin nan.

Nan opinyon piblik la, non Jamesky Jeanty ak Dolanda Barbara souvan site kòm pyon enpòtan ki ta reprezante enterè Chanm Komès la nan katèl la. Anpil moun wè majorite sa a, kòm yon mwayen pou oryante desizyon estratejik yo, espesyalman sou kesyon tè ak pwojè devlopman. Genyen menm enfòmasyon ki ta vle fè kwè, depi sou rèy ansyen majistra Josué Alusma, kèk gwo potanta nan sektè prive a, te deja manifeste enterè pou tè ki nan zòn kote pwojè èpòt la te prevwa devlope a. Tout bagay sila yo, ta ogmante enkyetid popilasyon an, ki pè pou byen komin nan pa sèvi kòm zouti negosyasyon pou enterè prive, olye li sèvi devlopman vil Pòdpe.

Jounen jodi a, anpil sitwayen Pòdpe ap tann rezilta konkrè sou teren an; aprè plis ke dis lane, kote vil la t’ap naje nan fatra nou tout nivo. Kesyon ki sou bouch tout moun se : èske nouvo katèl la ap mete tèt ansanm pou sove vil la, oswa èske lit pou majorite ak enterè pèsonèl ap kontinye bloke avni yon komin ki an agoni? Malgre tansyon yo, anpil moun toujou mete konfyans nan Majistra Ralph Moreau ke yo kwè ki kapap antre nan okenn aranjman ki ta kapab blese enterè pèp Pòdpe a.
Antouka, nosyon “tan”, ap finalman detèmine si katèl la ap chwazi chemen devlopman ak transparans, oubyen si li pral tonbe nan menm sòs salmanaza ki te plonje site Kapwa Lamò a nan Lajeyènn.

Share:

Leave a reply