Gwo tansyon ak barikàd anflame nan Delma 83 : 2 moun mouri tèt nèg

343

04/13/2021

Delma, Pòtopwens_____(TRiboLAND) Jounen jodi madi 13 avril 2021 an, klotire ak gwo mouvman leve kanpe ak barik anflame ki fèt nan zòn Delma 83 kote ke yon chofè mouri anba bal e yon lòt moun mouri anba men popilasyon an, san konte yon machin lapolis ki arive kankannen ra pye tè; yon sitiyasyon ki te paralize sikilasyon an ak panik e janm tranble.

Selon kèk sous ki pa klè, ta sanble yon polisye ki t’ap eseye tire dèyè yon vòlè, men malerezman fè yon kou rate alòske katouch la al pran yon lòt inosan. Ensidan sa te revòlte popilasyon e okazyone lapidasyon yon moun ak yon machin lapolis ki bwile.

Tout fwa, enfòmasyon yo pa ditou klè sou motif ki dèyè gwo leve kanpe sa.

Comments are closed.