Pòdpè – Manif : Kòdinasyon pati politik Pitit Desalin branch Nòdwès, pran lari a.

1,542

Kòdinasyon pati politik Pitit Desalin branch Nòdwès ap foule beton an, jounen samdi 12 novanm 2022 a nan vil Pòdpè.

11-12-22
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou jounen samedi 12 novanm 2022 a, kòdinasyon Pati Politik Pitit Desalin nan Nòdwès, pran lari jounen samdi 12 novanm 2022 a, nan lide pou di non ak lavi chè, grangou, ensekirite san konte pri gaz la ki pa janm sispann monte.

Manifestasyon PPD nan Podpe, 12 novanm 2022

Aprè yon demonstrasyon “trase vèvè” pou mande pasaj, manifestasyon an te demare devan Plas Dam site Kapwa Lamò a byen bonè maten an, e protestatè yo te pakouri divès ri nan vil la, kote moun te kapab remake yon drapo Larisi ak drapo pati a tap paweze; san konte divès pannkat ki charye yon latriye revandikasyon, tankou: atake KPTS se atake pèp souvren an; Aba Ameriken, Aba Lafwans, Aba Kanada; Aba lavi chè, aba ensekirite e latriye.

Pwomès ki te vle fè kwè prezans lidè #1 pati a, ki donk Moïse Jean Charles nan manifestasyon, se te “wonbè won tisale”. Pèsòn moun pa remake patisipasyon dirijan nan yon parèy sòlòkòtò popilè ki ta sanble pa fè resèt ki te espere.

Sepandan, yon lòt vèsyon ta pral konfime ke lidè pitit Desalin nan ki te nan wout men ki te genyen anpèchman akòz youn nan machin kòtèj lidè a ki te an pann kawoutchou. Se konsa, yon group moun te kouri soti nan vil Pòdpè pou te ale rankontre kontèj la nan Chansòlm ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè.

Se yon veritab radmare ki tap defile avèk lidè Piti Desalin nan. Foul la tap mache soti sou Boulva Jovenel Moise, antre nan vil la e kandale moute jous Lakoup bò legliz katolik Fatima a, e retounen sou Plas Katedral la kote ke Moise Jean Charles ta pral delivre yon mesaj manch long e piman bouk.

Moise nan toune li nan vil Pòdpè, ap genyen pou li vizite demin dimanch 13 novanm 2022 a, lopital Imakile Konsepsyon, mache Bodmè a e wàf la, kote ke li pral delivre yon mesaj ki genyen pou wè avèk batiman ke let ate sezi yo ke yon antite nan gouvènman Ariel Henry refize relache malgre desizyon lajis an favè propriyetè yo.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.