BASSA médical center reyalize yon jounen fòmasyon, klinik mobil sou swen dantè gratis ti cheri ak elèv kòlèj Nouvèl Vizyon yo nan vil Pòdpè.

846

01 – 21 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan lide pou bay yon kout men ak lekòl klasik, lekòl pwofesyonèl ak inivèsite yo nan depatman Nòdwès la, BASSA Médical Center lanse jodi samdi 20 janvye 2024 la, yon pwogram patenarya kominotè nan tèt kole ak enstitisyon nou sot site la yo, ki vize non sèlman edike elèv, aprenan ak inivèsitè yo sou ijyèn dentè, men tou, asire sante bouch ak dan yo, pandan BASSA ap ofri yo yon kat konsiltasyon gratis ti cheri, egzamen dantè, profilaksi, mete sou restorasyon pou sèlman 1000 G.

Demare ak plis pase 80 elèv kòlèj Nouvèl Vizyon gratis ti cheri nan nan ri Notre Dame La coupe, Doc. Newton Mettelus ta pral asire seyans edikasyon ijyèn bouch ak dan yo, epi Doc. Sylvince ta pral asire dezyèm seyans lan, nan kad konsiltasyon, profilaksi ak restorasyon.

BASSA médical center, yon òganizasyon ki twouve l nan rantre kafou otèl randevou, vize ede kominote ki pi fèb yo, pandan lap asire yon sante kòdjòm pou yon lavi miyò.

Pou plis enfòmasyon rejwenn BASSA médical center sou :46303505/40489754/40033180/bassainfos@gmail.com

Comments are closed.