Pati Rasin Kanpèp la mande pou Relijyon pou Lapè sèvi medyasyon depreferans pou 10 relijye ak yon dividal moun bandi rive kidnape yo

383


04/13/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon chita pale ak laprès jounen lendi 12 Avril 2O21 saa, Pati Rasin Kanpèp la, yon Pati Politik nan Opozisyon an ki refize tout negosiyasyon, tout medyasyon Relijyon Pou Lapè atravè kriz peyi a ap fè fas jounen jodia, mande pou Relijyon Pou Lapè sèvi kòm medyatè depreferans pou rive libere, sove lavi 5 prèt, 2 relijyez ak 2 lòt moun ankò bandi sangwen 400 Mawozo kidnape nan lannuit samdi 10 pou louvri dimanch 11 avril saa anvan yo etenn souf yo.

Selon Pòtpawòl strikti saa nan rejyon Nòdwès la, Me Kerly Dubréus, krim ekip PHTK komèt depi l nan tèt peyi saa ,enstitisyon ki vante tèt li Relijyon Pou Lapè saa, pa janm leve yon ti dwèt pou l ta kondane yo. Jounen jodi a, li vle jwe mitan jwèt!

Devan tout sa yo, Me Kerly Dubréus konseye tout pati politik serye pou yo pa rantre nan jwèt koken, mètdàm Relijyon Pou Lapè ki deja gen moun pa l anndan Konsèy Elektoral Pwovizwa Jovenel Moïse la.

Reprezantan pati a rapousuiv pou l mande ki kote Relijyon Pou Lapè te ye lè ekip PHTK a t ap rache moun nan Lasalin yo, nan Bèlè ak nan rès peyi a; ki kote tou Relijyon Pou Lapè te ye lè ekip PHTK a t ap mache asasinen, kidnape, vyole, imilye, touye pitit pèp la atravè peyi a ansuit ki kote Relijyon Pou Lapè te ye lè Jovenel Moïse, Joseph Michel Martelly ,Laurent Lamote, Jean Max Bellerive ak tout akolit li yo t ap gaspiye lajan CIRH la, lajan kat dèmalòg la, lajan $ 4.2 milya Petwo Karibe a?

Pati Rasin Kanpèp la mande pou pati politik yo pridan anpil paske se Jovenel Moïse menm ki mande Pou Relijyon Pou Lapè pote l medyatè yon mannyè pou l sa rive bay popilasyon an yon eleksyon pike kole atravè KEP li a ak referandòm chanpwèl. Men se byen konte mal kalkile! Je pèp kale! Li p ap dòmi pou rive bare Jovenel Moïse nan tout vye desizyon sa yo ki pa kadre ak Manman Lwa peyi a.

Pati Rasin Kanpèp la, nan depatman Nòdwès la, voye sipò l bay fanmi relijye / relijyèz viktim sa yo, mande pou pèp la kontinye limen flanbo mobilizasyon an byen wo pou fè echèk ak ni zak kidnapping anndan peyi a, ni ak referandòm pou konstitisyon a gren senk lan, ni ak eleksyon chanpwèl, pikekole Jovenel Moïse, ki gen manda l bout depi 7 fevwiye 2021 an ke li vle kwoke nan gòj Nasyon Ayisyèn nan.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.