Atelye travay pou eliminasyon Vyolans sou fanm ak tifi nan entansyon divès kolèj nan Pòdpè

171
0
Share:
TRiboLAND

04/13/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) “Nou di non sou vyolans sou fanm ak Tifi”. Se sou tèm sa a kanpay sansibilizasyon pou rive elimine Vyolans sou Fanm ak Tifi te rive demare nan plizyè kolèj nan Metwopòl Nòdwès la, jounen lendi 12 avril 2021 an.

Sou inisyativ Direksyon depatmantal kondisyon feminin ak dwa fanm, ISBERS, Meri Pòdpè nan tèt kole ak SDPJ, yon parèy kanpay sansibilizasyon te rive posib.

Pandan entèvansyon l, Enspektè Belizaire, responsab ankèt SDPJ nan Komisarya Pòdpè a, te fè Yon gran diferans pou elèv filo Collège nouvelle Vision sou vyòl ak agresyon seksyèl ki kontinye ap vale teren nan peyi Dayiti, notàmman nan depatman Nòdwès la kote ka sa yo toujou repete.

Responsab ISBERS la, bòkote pa l, te montre bonjan responsabilite enstitisyon sa a genyen nan kad vyolans kap fèt sou fanm ak tifi prensipalman sou timoun ki anba laj 18 lane.

Kanta direktris Depatmantal kondisyon fanm nan rejyon Nòdwès la, madàm Pierre Erlande, nan entèvansyon l, li deklare Ministè kondisyon Fanm pa gen misyon pou bay fanm yo lajan. Misyon l se pou “Akonpanye tout fanm”, “Fè pwomosyon pou dwa fanm” ak “Redui kantite vyolans kap fèt sou fanm ak tifi.

Aprè seyans travay sa a, direktris Pierre Erlande, te distribye divès dokiman bay tout elèv ki te reponn prezan nan rankont lan. Dokiman sa yo te gen anpil pawòl ki gen rapò ak pwomosyon sou dwa fanm ak konbat vyolans sou fanm ak tifi.

Kanta patisipan elèv yo ki te reponn anndan kanpay sansibilizasyon pou konbat zak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi, yo pa t kache satisfaksyon yo. Elèv sa yo ki se majorite elèv filo pwomèt pou kenbe tèt yo. Savledi, yo p ap mache ta nan lari ansuit yo p ap twò twò frekante pwogràm yo, sitou pwogràm atèplat ak tisourit.

Saint Jean Wiskis

Share:

Leave a reply