Vyolans gwoup gang ame oblije yon gwoup moun Ba Delma kite lakay yo pou ale pwan refij nan Site Militè.

656

06/18/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Gwoup gang pouvwa defakto a fè anpil moun degèpi yo. Pami deplase sa yo ki gaye kon foumi kap trese lèl pou sove lavi yo, ou jwen fanm ansent, ti inosan, paralitik e latriye ak bataklan sou tèt, oblije anvayi Site Militè, patikilyèman riyèl Paul Moral kote ke se yon viritab malè pandye ki pral pwopaje kowonariris la pi plis toujou. Katastwòf imanitè iminan!

Li pa difisil pou yon moun konpran ki sa ki rele yon otorite voryen, vwayou ou inyoran anndan peyi Dayiti koulya; e a ki sa yon tibebe ta kapab konpare yo; lè ou wè yo pa menm rann kont ke yo pa menm genyen 10% pouvwa ak kapasite pou gouvène menm yon katye kominotè, ou pa bezwen pale jere yon vil.

Ayiti ap konte dènye jou li avèk yon gouvènman gang ki danse kole avèk yon fwaksyon nan entènasyonal la ki pa kache demontre “ènn visral li kont Ayiti” pou awogans liberasyon tèt li anba chouk dan esklavaj.

Li reyèlman fasil pou nenpòt moun konprann tout bon vre, plan efondreman peyi a lè repwezantan L’ONU an nan peyi Dayiti te deklare an piblik: “ke pwezans gang yo redwi konsiderableman nivo ensekirite a”!

Comments are closed.