Senlwidinò – Ansafolè : egzamen bakaloreya yo demare

1,099

07-01-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Egzamen bakaloreya yo demare nan distri Senlwidinò ak Ansafolè, vandredi 1e jiyè 2022 a,san gwo difikilte.

Selon enspektè Dieusseul Alexis, distri a divize an 7 sant, ki repati ant 6 à 7 sal egzamen, sof Lise Lamenè ki gen 14 sal. Pou tout distri a gen 1009 kandida kap sibi eprèv 2021-2022 a.

Daprè kandida yo nou rankontre nan plizyè sant nan distri a, yo pa kache satisfaksyon yo ak asurans ke yo mize sou tèt yo parapò ak karakteristik egzamen yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.