Tigwav : Moun nan lokalite Tapyon, Ba 12èm seksyon Dèfoug selebre Senpatwòn yo an gran panpan.

134
0
Share:
TRiboLAND

10 – 03 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Moun nan popilasyon Ba Tapyon, 12èm seksyon kominal Dèfoug, Tigwav, selebre jedi pwemye oktòb 2026 lan, Senpatwòn yo “Senterèz”. Seremoni sila te fèt an prezans divès otorite seksyon kominal, direktè Chapèl la, plizyè notab, manm popilasyon an, ak pèleren ki te soti toupatou nan rakwen komin Tigwav; yo tout te pote kole pou fasilite reyisit yon parèy selebwasyon fèt Senterèz.

Nan okazyon an, se reveran pè Osias Louis, vikè legliz nan Nip peyi a ki te selebre seremoni an. Nan diskou li nan sikonstans lan, li te prezante Senterèz kòm moun ki te toujou pataje sa li genyen ak lòt moun. Pè Louis, atravè prèch li, te ankouraje fidèl yo pou yo viv nan lanmou, respè, tèt ansanm ak fratènite. Li adrese enpòtans imilite lakay pèp Bondye a, e raple yo pou yo toupiti devan Bondye yon fason pou yo kapab rantre nan wayòm syèl la.

Yon lòt kote, vikè nan legliz depatman Nip la, Osias Louis pa manke mo pou denonse konpòtman dirijan yo pou fason y’ap mennen bak peyi a. Li fè konnen grangou, mizè tout kalite kap fini ak pèp Ayisyen an; mete sou sa li esplike chak gren’n ayisyen limite nan pwòp peyi yo. Yo pa kapab vwayaje nan nenpòt andwa yo vle nan peyi a ni nan peyi etranje fas ak ensekirite a. Li mande fidèl yo pou yo pa vote moun ki fin kraze peyi a epi pa vote pou mil goud.

Share:

Leave a reply