Ansyen pwezidan Michel Martelly rann pwezidan Jovenel Moise omaj atravè yon video

707

07/21/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon video ki pa sispan fè laviwonn dede rezo sosyàl yo, ansyen pwezidan Michel Joseph Martelly alyàs “Sweet Micky” ekspwime senpati li e mete chapo ba devan kadav ansyen pwezidan Jovenel Moise ke yon gwoup mèsenè kolonbyen ak reselè ayisyen-ameriken te asasine lakay li 7 jwiyè 2021 dènye, nan Pèleren 5, Pòtopwens.

Anplis, Michel Martelly remèsye Jovenel Moise pou rèv ke li te genyen pou Ayiti e pou bèl egzanp li trase pou tout yon jenerasyon. Konsa, “ Ayiti pèdi yon pitit e yon jeni, men yon lyon pa janm mouri, men depweferans li dòmi”, pawòl ansyen pwezidan Michel Martelly ki tap rann ansyen pwezidan Jovenel Moise omaj.

https://www.facebook.com/michelmartelly/videos/337857904723737/?t=6

Comments are closed.