Nòt depwès sou dènye aktivite Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la nan Nòdwès

413

04/05/2021

Nan Kad Referandòm konstitisyonèl ak Eleksyon nan peyi dayiti, men yon nòt Pou laprès responsab BED/ NO (Biwo Depatmantal Elektoral Nòdwès), Me Kerry Hypolite mete deyò dimanch 4 Avril 2021 an. Nòt saa gen ladan l dat ak enstalasyon tout manm BEC (Biwo Elektoral Kominal) atravè 11 Komin depatman Nòdwès la ak 3 manm BED Nòdwès la.

Men Nòt Pou La Près la:
Nan kad pou vanse ak Referandòm Konstitisyonèl la, yon delegasyon KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa), ki te gen nan tèt li Madam Amédée Jules Nadia, Konseyè Elektoral, te debake nan vil Pòtpè nan 21 màs 2021 an.

  • Lendi 22 Mas 2021 a, li te enstale Biwo Referandè Depatmantal Nodwès la sa yo te rele BED la ak Biwo Referandè Kominal pou komin Pòtpè a.
  • Menm Lendi 22 Mas la, Li te 12 zè, lè delegasyon an te rann li nan komin Chansòl pou enstale twa manm Biwo Referandè Kominal Chansòl la.
  • Toujou menm jounen lendi 22 màs la, bò 1h 30, nan aprè midi, delegasyon an te kontinye misyon pou l tal bout nan komin Basen Ble pou enstalasyon 3 manm Biwo Referandè Komin saa.
  • Jou ki te jedi 25 màs 2021 an, twà Biwo Referandè te rive enstale pou 3 komin sa yo: Sen Lwi Dinò, Ansafolè ak Latòti.
  • Vandredi ki te 26 mas 2021, Biwo Referandè Depatmantal Nodwès la, sa yo te rele BED la, te rann li nan 4 komin banòdwès yo, Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola, Bonbadopolis ak Bèdeyèn pou mete yon pwen final nan enstalasyon 3 manm Referandè yo nan 4 komin nou sot site la yo ki gen pou misyon prepare plan Referandòm Konstitisyonèl la.

    Misyon enstalasyon Biwo Referandè yo te fini ak Biwo Referandè Komin Lapwent Dèpalmis lan ki te rive enstale jou ki te madi 30 mas 2021 an.

    Pou n fini, Depatman Nòdwès gen ladan l 12 Biwo Referandè ki anplas, yon Biwo Referandè Depatmantal (BED) ak 11 Biwo Referandè Kominal.

    Nòt sa a pote Siyati
    Me Kerry Hypolite, Prezidan

Comments are closed.