Lekòl Nasyonal nan lokalite OFOUNO ap fonksyone sou yon vizaj Tonmblokotop.

09 – 06 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Lekòl Nasyonal nan lokalite OFOUNO, 3e seksyon Polen / Lakòn, komin Pòdpè ap fonksyone nan yon eta delporab. Fonksyone anba yon anga ki kouvri ak kèk zèl tòl wouye, koule, pouri, kraze, saki lakòz lokal lekòl ofri yon vizaj alagoni.

Poze kesyon pou konnen, kote yo pral resevwa pitit sòyèt yo ane sa? Direktè lekòl la, Mèt Emarcelo Desile ki t ap pale fè konnen, yo vrèman pa konn ki sen pou yo rele ane sa a pou akeyi pitit sòyèt yo, lè y’ap gade vizaj lekòl la ki fin kraze li pata menm bezwen mansyone zafè materyèl paske bagay sa yo pa egziste nan lekòl Nasyonal l ap dirije a.
Direktè a nan kad yon entevyou, fè konnen yo antame plizyè demach devan pòt biwo edikasyon Nasyonal branch Nòdwès la, se nad marinad, yon konpòtman ki lakòz direktè a louvri 2 bwa li bay sektè prive a pou ede yo chanje imaj lekòl la ak sa yo genyen.
Lekòl Leta paka konstwi, pitit sòyèt pa kapab ale lekòl, alòske gwo zotobre sangwen yo pa sispann banbile, banboche, dilapide kòb FNE a ki disponib pou konstwi ak fasilite ti moun ale lekòl nan peyi Dayiti.







Kote kòb FNE a?
Triboland Mombin-Crochu
Edikasyon Yon peyi ?
Tribolend port de paix MST
Se sèl ayiti edikasyn pa gen valè konsa
Triboland mont organisé
Se toujou konsa depi lontan sa
Lekòl yo toujou trouve nn movèz eta
Mwen ta renmen chèf yo pase men sou konstriksyon sa yo
Elinès Vincent Wo Moustik