Me ki sa TRiboLAND konnen de rumè ki ta vle fè kwè ke prezidan defakto Jovenel Moise ta manke nwaye nan moman li t’ap travèse yon rivyè nan Nòdwès peyi a

739

04/05/2021

  • Nan fouye zo nan kalalou, TRiboLAND pa arive jwen evidans ke prezidan defakto Jovenel Moise te riske travèse yon rivyè ki te dechenen e ki pote’l ale.
  • Wi se sèten, Jovenel Moise te nan Nòdwès e li patisipe nan plizyè anbyans popilè e ap mache anbwase plizyè sitwayen notamman nan Jan Rabèl.
  • Se vre dlo rivyè Kwakou Peyan t’ap desann e fè anpil dega; sepandan tout enplikasyon Jovenel Moise se tef è manèv pou bay kèk moun kit e nan difikilte dlo desann.
  • Jovenel Moise te ansanm ak fanmiy li nan Nòdwès alokazyon fèt Pak la, espesyalman nan Mòl Sen Nikola, yon komin kote ke l’ap bati.
  • Biwo kominikasyon Laprezidans pat pran tan nan jounen dimanch 4 avril 2021 an pou pote yon demanti sou fo enfòmasyon ki te deja anvayi rezo sosyàl yo sou pretèks Jovenel Moise t’a neye nan travèse yon rivyè ki tap bay payèt.

Comments are closed.