Federasyon Ayisyèn Baskèt-Bòl anonse yon rabè de 20% pou afilye li yo.

1,493

John Jean Jacques

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Federasyon kap jere Baskèt Bòl nan peyi Dayiti, anonse yon rabè 20% pou tout afilye li yo nan yon sant ospitalye

Nan yon nòt ki pibliye jedi 24 fevriye 2022 a, Federasyon Ayisyèn Baskèt anonse ke apati 1e mas 2022, Sant Ospitalye Fwaye Sen Kamiy, ki chita nan kwadèboukè, ap gen pou ofri yon rabè 20% nan tout sèvis li yo pou aktè ki afilye ak federasyon an tankou, Abit, Jwè, Antrenè ak Dirijan.

Pou benefisye yon parèy rabè, li enpòtan pou afilye yo mete yo an règ pandan ke yap peye frè afilyasyon an.

Comments are closed.