Plizyè anbasadè nan konsèy Sekirite ONU a montre bouch pa gou yo genyen kont krèy prezidansyèl peyi Dayiti a.

849


04 – 23 – 2024

Wachenton, Etazini___(TRiboLAND) Nan kad yon rankont espesyal Konsèy Sekirite ONU a òganize jounen lendi 22 avril 2024 la, plizyè anbasadè divès peyi tankou, Lachin ak Larisi, pa kache bouch pa gou yo genyen kont krèy prezidansyèl 7 tèt peyi Dayiti a..

Nan moman rankont lan, reprezantan peyi Larisi a ki t’ap pale fè konnen, “yo gen anpil dout sou reyisit modèl konsèy prezidansyèl sa a k’ap chèche mennen bak peyi a. Paske pou yo menm, yon entèvansyon sou plizyè fòm t’ap plis enpòtan pou rezoud kriz miltidimansyonèl peyi Dayiti ap konnen an.

Yon lòt bò, reprezantan peyi Lachin nan, mande pou yo fè apèl ak yon gwoup kònèsè nan domèn sekirite, yon mannyè pou rive kontwole latriye zam ak minisyon k’ap rantre yo, e an menm tan mande ak otorite ayisyèn yo pou mete yon kontwòl sere nan chak depatman peyi a.

Comments are closed.