Ministè Afè Sosyàl ak Travay nan Nòdwès, klotire plis pase 2 semènn fòmasyon ak sansibilizasyon sou Kovid-19 la

273

Pòdpè____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal Afè Sosyal ak Travay, rejyon Nòdwès, nan tèt kole ak divès kad teknik ministè a, klotire jounen mèkredi 21 jwiyè 2020 an, nan Pòdepè, 2 senmenn edmi kanpay fòmasyon, sansibilizasyon, distribisyon kachnen, li t ap òganize nan entansyon eli lokal. lidè kominotè, Sosyete Sivil 10 komen depatman Nòdwès la tankou: Jean Rabel, Mòl Sen Nikola, Bonbadopolis, Bèdeèn, Latòti, Sen Lwi Dinò, Ansafolè, Chansòl, Basenble ak Pòdepè sou Pandemi Kovid-19.

Fòmasyon sa yo ki arive fèt an kolaborasyon avèk Pwoteksyon Sosyal, pral pèmèt sila yo ki nan plis bezwen benefisye yon “Asistans Sosyal”.


Entèvenan yo nan seri fòmasyon sa yo tankou Dr Paskaly Pierre k’ap travay nan Lopital Imakile Konseosyon, Pòdepè, te entèvni sou maladi kowonaviris la e esplike ke se yon defi pou tout medsen nan monn nan. Kowòdonatè Adjwen Òganis Sekirite Sosyal la ki te soti nan Ministè Afè Sosyal ak Travay, Msye Tias Garry te pale sou Pwoteksyon Sosyal, nan yon konferans pou laprès, li pa’t kache satisfaksyon yo. Pou entèvenan yo, pa genyen dout ke patisipan yo nan chak komen, te montre konpetans yo atravè diferan entèvansyon ke yo te fè.

Toujou daprè Dr Paskaly Pierre,  kòm medsen li pa’t regrèt patisipe e entèvni nan kalite fòmasyon sa yo pral pèmèt patisipan sa yo ede fòme lòt sitwayen parèy yo nan kad pandemi KOVID-19 la k’ap vale teren nan peyi Dayiti pandan l konseye yo pou yo pa janm bliye mezi dijyèn yo ki se: lave men ,pa bay lòt lanmen ansuit respekte distansasyon fizik yo.

Kowòdonatè Adjwen Òganis Sekirite Sosyal Ministè a, Tias Garry, bò kote pa’l ki pale sou Pwoteksyon Sosyal ki gen ladan’l 3 konpozan enpòtan: Sekirite Sosyal, Asistans Sosyal, ak Regilizasyon Mache Travay la. Kowòdonatè a ankouraje patisipan yo ki alafwa otorite, pou batay pou rive retire lòt moun ki pi vilnerab yo nan ke kamyonèt la ki se vrè objektif  Ministè Afè Sosyàl ak Travay (MAST).


Direktè depatmantal Afè Sosyal branch Nòdwès la, Msye Bénédict Calixte, li menm egalman pa’t kache kontantman li pou mwayen teknisyen sa yo te anplwaye pou rive fè 2 konsèp: KOVID-19 ak Pwoteksyon Sosyàl rive ateri lakay lidè kominotè sa yo ki se bon jan ajan devlopman komen yo . Direktè a pa t manke tou voye yon gwo kout chapo bay Prezidan Repiblik la, Msye Jovenel Moïse, li di ki toujou ankouraje #1 MAST la atravè aksyon li yo pou l toujou bò kote sila yo ki pi fèb yo.

Eli lokal yo, lidè kominotè yo, Sosyete Sivil 10 Komen depatman Nòdwès la ki te reponn prezan anndan seri fòmasyon sa yo, yo menm tou, pa’t kache satisfaksyon yo pandan yo menm tou te voye yon gwo kout felisitasyon! bay diferan fòmatè yo. Patisipan sa yo pwomèt tou pou y al travay answit asiste sila yo ki pa’t prezan aplike 2 konsèp sa yo: KOVID-19 ak Pwoteksyon Sosyàl atravè 10 komen depatman Nòdwès la pou yon demen miyò.

Saint Jean wiskis
3600 1195
4204 2561



Comments are closed.