Yon group dirèktè ak profesè denonse minis Edikasyon Nasyonal la ki chwazi voye nan kanpe lwen yon seri kad nan sèktè a ki pat jamè mele nan dosye “Fo Bakaloreya” nan depatman Nòdwès peyi a.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwoup dirèktè ak pwofesè mete tèt yo ansanm pou proteste kont desizyon minis Edikasyon Nasyonal ak Profesyonèl la, Antoine Augustin ki chwazi pa kriye kote mò a mouri a; kidonk, yo estime antite ke ministè a deside voye nan knape lwen pou enplikasyon yo nan dosye “Fo Bakaloreya” a nan depatman Nòdwès la nan ane akademik 2023-2024 la, pa kenbe.
- Cara belajar hacking untuk pemula
- Cara deface website untuk pemula
- Cara menjadi ethical hacking
- Cara menjadi pentester
- Cara belajar hack website untuk pemula
Konsa, denonsyatè yo estime ke ministè a pa pouse ou oryante envèstigasyon li yo nan bonjan direksyon. Yo evoke ka yon gro kad nan direksyon depatmantal Nòdwès la, Fedner Michel, ki pat janm nan danse kole ak malvèsasyon ou jwèt pike kole nan fasilite piblikasyon “Fo Bakaloreya” nan depatman Nòdwès la.
Edikatè yo, prezante profesè Fedner Michel, kòm yon moun ki fè prèv yon moralite enpekab; ki pa danse kole ak raket “fo ou izaj defo”, ki depaman ak lalwà. Yo rapouswiv pou di, ministè Edikasyon Nasyonal fè yon move triyàj, lè li chwazi figire yon pèsonalite tankou Fedner Michel nan yon parèy meli melo. Konsa, yo ankouraje responsab enstitisyon edikasyonèl la, rekonsidere envèstigasyon li yo nan yon pi bon dimansyon.







Ministè nan depatman an deregle yo pa eksèse iyerachi yo
Triboland latòti fonkiyèz
Mw felisite média triboland pou bon travay lap fè nan bouske enfo pou popilasyon yo. Nan kad dosye fo loreyat yo lè aksyon sa rive mw tap poze tèt mw kesyon esk sepa yon rayisans ke minis lan gen pou nòdwes ?
Triboland latoti fonkiyez