Konkou yon nouvèl pwomosyon PNH nan Nòdwès, 165 postilan reponn prezan.

Nòdwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan TRiboLAND te anonse li a, se jounen dimanch 27 jiyè 2025 lan, konkou pou ranfòse efektif PNH la te rive òganize atravè peyi a, Nòdwès anpatikilye.
Pou Nòdwès, te gen 165 kandida ki te patisipe nan egzamen sila yo, pami yo te genyen 153 gason ak 12 fanm ki te prezan nan Lycée Tertullien Guibeaud a nan vil Pòdpè. Eprèv sa yo te dewoule sou konesans jeneral ak mathematik.
Egzamen yo te reyalize sou sipèvizyon jij tribinal depè Pòdpè a, Me Maxime Dumagène akonpanye grefye li. Daprè direktè depatmantal Polis Nòdwès la, komisè divizyonè, Clevens Cétoute, se yon konkou ki te chita sou 2 etap : yon etap entèlektwèl ak yon etap medikal.
Majorite kandida ki te patisipe nan konkou sila, pa’t kache satisfaksyon yo. Egzamen an te alapòte yo e yo tout ta estime ke yo ta deja nan wout pou devni polisye.
N ap raple te gen 189 kandida ki te enskri e responsab yo te anrejistre 24 absan. TRiboLAND swete kandida ki reyisi konkou egzamen entèlektwèl la ak medikal la, bòn chans!






