Dr. Réginald Boulos akize Jovenel Moise kòm moun ki dèyè atak Universal Motors a

222

03/18/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Dr. Réginald Boulos, ke se pwopriyetè Universal Motors ki te subi gro zak sabotaj, piya, ensandi ak vòl machin tou nèf nan deblozaj joune pwotestasyon Fantom 509 e latriye pandan jounen 17 màs 2021 an, lonje dwàt jouda sou ansyen prezidan Jovenel Moise kòm moun ki ta dèyè mouvman depatcha antrepriz van machin nan.

Komèsan Boulos ki se Alatèt MPVAYITI e ki te pami moun ki te finanse kanpay Jovenel Moise sou yon radyo nan kapital la, akize  chèf deta a kòm responsab briganday ak piyajè yo. Li avanse ke se akòz yon seri menas ke prezidan an t’ap fè nan nòdwès peyi a; menas kont moun ki dwe e kont moun ki vle kanpe an kwà devan yon seri travay ke li ap inisye. Jovenel Moise te promèt ke l’ap tape moun sa yo sou do me.

Konsa, patwon ki reprezante mak fabrik pwodwi Nissan yo anndan peyi a atribye atak sa yo vize pou atake tout sa li posede e sa arive fèt akoz patisipasyon li nan afè sosyàl peyi a. Réginald Boulos promèt yon repons politik kont sa ke li rele yon banditism deta kap pran chè nan peyi a. Li montre egalman evidans ki moutre ke te genyen yon chèf gang ki te alatèt yo parèy deblozaj.

Comments are closed.