5 polisye ki te chaje pou suveye rezidans Me Dorval la transfere nan penitansye nasyonal

09\12\2020
Pòtoprens_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Me Gabriel Ducamel pase lòd pou kondwi nan depo senk ajan polisye ki te akize kòm reselè nan briganday ak penetrasyon vòl pandan lanwit anndan lakay Me Monferrier Dorval aprè krim nan.
Tout senk konplis yo trouve yo koulya nan penitansye nasyonal depi yè vandredi 11 septanm 2020 akoz lèse ale ak iresponsablite yo ki te fasilite kontaminasyon sèn krim nan ak disparisyon baton senbolik batonye a ke yon poko retrouve jiska prezan.






