Nan 2èm seksyon kominal Chadonyè, 2 moun pèdi lavi yo sou fòm ‘Bwa Kale’ modere.

880

08-30- 2023

Bomon, Ayiti_____(TRiboLAND ) Venès Joseph, alyas Ti Venès ak Belfort Smith, se 2 moun ki asasinen e yo lage yo nan yon gwòt aprè yo finn touye yo, nan Bomon, 2èm seksyon kominal Chadonyè.

Yonn nan koz lanmò 2 mesye sila yo, se swit aprè yon montan 25 000 goud, ki te soti nan diaspora a , ki lakoz yon gwoup peyizan mete fen nan lavi, Venès Joseph ak Belfort Smith. Kazèk Bomon an, madam Exil Jeune, ak jij depè Mèt Gary Wèch poze pwoblèm absans lapolis depi plis pase 5 lane,; yon konpòtman iresponsab bò kòte Lea a ki fasilite krim yo nan komin Bomon.

Nan kad krim san parèy sa yo, kèk moun fè sou 2 viktim yo nan komin Chadonyè, lajistis nan jiridiksyon Bomon an, lanse “mande trennen pote vini deyè prezime kriminel yo. Pami pwezime annafè sa, ou jwenn Legagneur John, yonn nan moun ki ta genyen pou wè avèk yon parèy krim.

Comments are closed.