Kowódinasyon kominal Pati Politik Pitit Dessalines nan Sen Lwi Dinò mande eksplikasyon sou yon ansanm pwojè ki pa janm ateri nan komin nan.

649

06/15/2021

Sen Lwi Dinò_______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès, jounen lendi 14 jwen 2021 an, popilasyon Sen Lwi Dinò a atravè Kowòdinasyon kominal pati Politik Pitit Dessalines, denonse e mande bonjan eksplikasyon sou ansanm pwojè ki te kòmanse egzekite nan komin nan tankou: konstriksyon debakadè, pon sou Rivière des Barres ak kouran 24/24 Jonvenel Moise la ki bridsoukou kanpe nan wout alòske pou ansanm pwojè sa yo te gen anviwon
500.000 $ US ki te debloke.

Mete sou sa, kowòdinasyon an kritike tou, prezidan defakto a, Jovenel Moise, li di ki voye pran materyèl elektrik yo ki te deja enstale Nan Mòn Van pou alimante komin Sen Lwi Dinò kote l fè transpote materyèl sa yo nan Santral EDH Pòdpè a.

Responsab kowòdinasyon kominal pati Politik Pitit Dessalines yo nan Sen Lwi Dinò, Pierre Réginald ansanm ak Jules Bernad Alexis ki te vrèman ankòlè, pwomèt pou trennen devan Lajistis Ajan Egzekitif Enterimè komin nan, Gaston Estima ansanm ak Visdelege a, Yvener Orelhomme pwiske se yo ki t ap jere lajan latriye pwojè sa yo.


Kanta Jovenel Moise ak tout Michel Martelly, kòwòdinasyon an mete ansanm ak tout popilasyon Sen Lwi Dinò a, yo sèmante 70 fwa 7 fwa yo p ap kapab mete pwent pye yo nan Sen Lwi Dinò pou vin kontinye woule popilasyon an nan farin.

2 responsab kowòdinasyon pati Politik Pitit Dessalines sa yo: Pierre Reginal ansanm ak Jules Bernard Alexis ak tout popilasyon Sen Lwi Dinò deklare ke yo pare yon pokann ak tout fwoumi pou prezidan defakto a, mesye Jovenel Moise ak tout Michel Martelly pou volim pwomès yo te fè popilasyon saa e ki toujou rete aloral.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.