FBI fè yon desant dèlye nan yon kay nan Wèston ki ta genyen koneksyon ak asasinay pwezidan ayisyen an, Jovenel Moise

1,074

07/27/2021

Wèston, Florid______(TRiboLAND) FBI fè yon desant dèlye nan yon kay nan yon kominote nan Wèston nan Florid. Konsa, genyen yon seri dosye ki konekte ak rezidans yon ajan imobilye ki pote non Walter Veintemilla, ke yo te deja ap swiv pou yon seri pwè ilegal; kidonk, ajan an ta sanble enplike nan asasinay pwezidan Ayiti a, Jovenel Moise.

Walter Veintemilla

Walter Veintemilla, se pwezidan yon konpayi ki rele “Worldwide Capital Lending Group”, ki ta sanble finanse lòt antite yo ki enplike nan asasinay pwezidan an.

 Otorite ayisyèn yo rete kwè ke lajan konplo pou asasinen chèf deta a te soti bò kote Veintemilla ak tout konpayi l la ki lokalize nan vil Miramar nan Florid. Dayè, avoka kap pare kou pou Veintemilla a, deja deklare ke kliyan’l lan tou senpleman negosye yon pwè nan kàd finanse pasifikman transfè yon pouvwa.

Ajan FBI yo ki tap fè va e vyen, te mete katye “Islewood Avni” an sou anpil pwesyon nan moman yo te genyen gan nan men yo e yo tap fouye latèt opye rezèv Windmill lan jodi madi 27 jwiyè 2021 an. Yo fouye garaj e soti avèk malèt ki genyen dokiman ou evidans.

Yon pòt pawòl FBI ak HIS konfime ke “yo ap mennen yon seri aktivite nan kàd aplikasyon lalwà ke yon tribinal òdone kont lokasyon an. Afidavi a kore avèk yon manda sele ke yon tribinal emèt pou pèkizisyone, mwen pa ka di twòp bagay sou sa, men sekirite piblik la pa menase”, dapwè rapòtè a ki tap depoze.

Comments are closed.