André Michel: Menm si gen ijans fòk gen transparans

0 371

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè sou Radyo Tele Karaib nan nouvèl pwemye okazyon nan mate Madi 31 Mas 2020, Mèt André Michel voye yon pennga seren bay gouvènman ke li kwè kap jere kriz kowonaviris la nan bouch sèlman.

Lidè opozisyon an estime genyen yon ansanb demach yo pa santi gouvènman reyèlman pran pou nou pa di “yon plan estratejik”. “Nou trè ensatisfè sou fason gouvènman defakto Jovenel Joseph ap voye flè nan sitiyasyon peyi a ap viv la”, dapwè Mèt Michel ki di ke li pa wè sipò pou pèsonèl swayan an; pa gen oken kout men serye gouvènman bay popilasyon ke li mande pou rete confine. Yo plis sanble yap pozisyone yo pou kraze lajan.

Mèt Michel deklare “ke yo pap dòmi e menm si gen ijans fòk gen transparans; nou pa gen dwa ap bay mimi veye mantèg, sitou pwezidan Jovenel Moise gen ti pwoblèm ak lajan”. Leta dwe pran responsabilite li sitou se yo ki genyen kès leta nan men yo. Se pa pou yo pwofite pa montre kote sansib yo nan fè bè nan moman trajik sa.

Dayè $18 milyon dola ameriken kòmand pou ekipman pou Lachenn nan pa gen oken avi ki soti sou li. “Pouki sa se Lachenn ki jwenn kòmand lan alòske gen anpil konpayi lokal yo te ka manifaktire menm mas yo pou peyi a”? Se sa Michel deklare.

Michel estime kriz sa dwe gen yon pòte “solidarite total”; se afè tout sèktè e se sansibilizasyon pou pwevansyon. Konsa, se gouvènman an ki devlope yon konpòtman leadership. Li mande pou pouvwa gen tikal pitye pou yon pèp ki deja opwime e eksplwate anba menm pouvwa sa ki pa montre ke li gen ti kal konsyans.

Leave A Reply