Joseph Jean Ernest enstale kòm nouvo direktè “Lise Tertulien Guilbaud” nan vil Pòdpè

1,021

01-25-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Joseph Jean Ernest enstale kòm Direktè a.i Lise Tertullien Guilbaud (LTG) nan vil Pòdpè, jodi madi vè 3è apremidi a. Direktè depatmantal Edikasyon Nòdwès la, Max Eddy Augustin ak divès kad ak anseyan te prezan nan enstalasyon sila. Joseph Jean Ernest ranplase Pierre Marc Antoine ki te nan pòs sa depi novanm 2016. Pou konnya, Pierre Marc Antoine se enspektè a.i segondè nan biwo depatmantal Edikasyon an.

Nan priz pawòl ansyen Direktè a, li di li pat dwe la paske gen twòp ipokrizi nan Administrasyon Piblik la. Ansyen Direktè a ki pa kache di, depi enstalasyon li an 2016, lap konnen yon seri difikilte; poutan tout moun ki nan Administrasyon Piblik la, se sibaltèn Leta. Ansyen Direktè a pa kache pou di, sou Direksyon li a, te gen anpil bòy kotaj ki te pèmèt timoun yo soufri anpil.

Yon lòt kote, elèv yo pat kach satisfaksyon pou Mèt Marc Antoine Pierre, ki pat sispann leve li anlè pou di li mèsi pou pasaj li nan tèt LTG a. Ansyen Direktè a fini pou kritike nouvo Direktè a paske malgre li te konnen li tap pra’l enstale, li pa janm di’l  sa. “Pou ki sa genyen ipokrizi, pandan nou tout se sèvitè Leta a nou ye”, daprè Direktè sòtan an, ki tap depoze.

Kanta pou nouvo Direktè a, ki se yon ansyen elèv LTG; li moute kòm pitit enstitisyon an. Nòmalyen an ki pa kache satisfaksyon li paske li soti nan Lekòl Nòmal, youn nan mèyè enstitisyon pou anseyan ki djanm nan peyi Dayiti. Nouvo Direktè a ki di, li pa vin la pou fè tak o tak, men pito pou sèvi. Li Kontinye pou mande tout kolaboratè Lise a, soutyen yo, yon fason pou pèmèt enstitisyon an kenbe prestij li.

 Direktè Joseph Jean Ernest pwomèt sou Administrasyon li a, repatisyon tach yo ap respekte, e Lise a dwe mache “Ad Lucem” ki vle di “Vers la lumière”.

Comments are closed.