ndividi pèsonn pa arive idantifye, pou yon ènyèm fwa, mete dife anba galri lokal DGI a nan vil Jeremi.

846

03 – 01 – 2024
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad batay ki vize ranvèse PM Ariel Henry sou pouvwa a, ak tout ekip li yo, manm opozisyon fawouch kont pouvwa a, pa pase yon semen san ke yo pa flanbe yon lokal enstitisyon piblik yo, nan Jeremi.

Pou Jounen vandredi premye mas 2024 lan, ankò pou yon ènyèm fwa, endividi san fwa ak lwa, mete kawotchou ak dife, ki afekte systèm elektrik lokal biwo DGI a. Konsa, sa kreye gwo pwoblèm pou kliyantèl lan ki genyen anpil kè sote pou frekante biwo a.

Kidonk, yo mande lajistis ak lapolis pou pran responsablite yo fas ak zak ensekirite malonèt sa yo ki pa sispann repete nan Vil Jeremi.

Comments are closed.