Premye jounen grèv Federasyon nasyonal direktè lekol fondamantal piblik yo nan Grandans respekte 90% .

957

01 – 08 -2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Li te vè 11 zè nan maten lendi 8 janvye 2024 la, plizyè lekòl piblik yo nan Jeremi kou nan kèk lòt komin depatman Grandans lan, moun pat arive remake prezans pwofesè yo, malgre te genyen elèv lekòl ki tap flannen nan lakou divès enstitisyon.yo.

Bò kote pwofesè grevis yo, yo fè konen tout otan leta pa reponn ak demand yo, ki se bonjan kondisyon travay, yo pap bese lèbwa.

Kèk paran elèv lekòl TRiboLAND te kontakte, fè konen li pa nòmal pou pwofesè lekòl piblik yo ap touche lajan leta, alòske yo pa mete pwent pye yo, nan etablisman eskolè piblik yo; poutan yo prefere al fè lekòl nan enstitisyon prive yo, e pwomèt si grèv lan kontinye nan lekòl leta yo, yap oblije al chache pwofesè yo ,nan lekòl prive yo,pou vinn bay petit sòyèt yo ti mòso pen enstriksyon.

Nap sinyale, sòlòkòtò grèv lekòl fundamental piblik yo pran a 90% atravè depatman Grandans lan!



Comments are closed.