Reouvèti pawas Notre Dame du Mont Carmel nan Glasi kouwo 3èm seksyon komin Senlwidinò.

1,201

10/09/2022

Senlwidinò, Ayiti ___(TRiboLAND) Fidèl katolik yo nan pawas Notre Dame du Mont Carmel nan GlasiKkouwo 3èm seksyon nan komin Senlwidinò reouvri dimanch 9 oktòb la. Yon pawas ke bandi sanfwa ni lwa te fèmen depi 6 lane.

Enstitisyon eklezyastik la te fèmen depi 02 novanm 2016, kote gwoup gang Erick Prospère a te fè tantatif pou touye Reveran pè Bertrand Dubreus ki te kire pawas la. Erezman, tantativ sila pat pase; sepandan depi lè sa pyès moun pat ka frekante zòn nan.

Aprè popilasyon Lakwa Sen Jozèf te fin touye bandi Erick Prospère ak tout rès akolit li yo dimanch 2 oktòb 2022 a nan lokalite Mefyèl, popilasyon Glasi Kouwo ak tout lòt zòn vwazen yo reyini pou manifeste kontantman ke yo pat janm genyen depi 6 lane, kote ke yo tap sibi tout kalite enjistis anba men gwoup gang sangwen “Amagedon” ke Erick tap dirije a.

Se tout popilasyon an ki tap pyafe e pou yo menm se te pi gro chans ke yo te genyen lè yo wè yap mache lib e libè atravè nan seksyon an san enkyetid. Antouka, nou pral reprann travay san pèdi tan e remanbre yon kongregasyon ki tap soufri ak depafini sou pye!

Colly Pierrilien



Comments are closed.