PNH fè yon lòt “tankou” nan Village de Dieu: plizyè moun ta sanble blese

312

03/10/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Aprè gang sangwen atake Biwo EDH la ki sou bisantnè a, ajan PNH yo fè yon tankou nan mennen yon operasyon nan Village de Dieu jodi mèkredi 10 màs 2021 an.

Enfòmasyon yo fè eta de yon veritab detachman yon latriye inite nan Polis Nasyonal la nan zòn sid kapital la: Pòtay Leyogann, Matisan ou Village de Dieu ki ta sanble pou anpil moun, yon replik kont derespektan gwoup sangwen vilaj la te fè sou EDH e ki te koz yon mò ak plizyè blese.

Konsa, tankou jan sa toujou fèt, anpil gro kout zàm t’ap chante; alòske van panik yo t’ap vale teren nan yon pwen tout aktivite va e vyen yo te paralize. Plizyè machin te oblije kase tèt tounen yon fason pou te bay espas pou yon lòt epizòd teyàt ki afiche enkonpetans repinyant otorite anplas yo ki pa sispan jwe marèl ak yon ensekirite ki endistriyalize.

Comments are closed.