Operasyon sezi gaz ap vale teren nan lari Tigwav

1,196

12-12-2022

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Komisè pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul ki jwen sipò chofè taksi moto yo, ap kontinye ak seri operasyon sezi gaz kap vann lari. Nan estasyon transpò ankomen an, nan zòn André Dicette ak zòn sou komisarya Bòn Sòlda, dimanch aprèmidi 11 desanm 2022 a.

Komisè Paul, deklare li plis ke detèmine pou mete anba kòd tout ponpis, tout lòt moun ke la polis ak la jistis ta kenbe kap vann gaz ilegal nan lari Tigwav.

Chofè taksi yo sou bò pa yo, ki te akonpaye Mèt Paul nan kad operasyon sezi gaz sila a, mande-l pou aji an mòd komisè gouvènmen pakè jiridiksyon Miragwan nan, JEAN MISCADIN, (vle di selon chofè yo, arete tout moun ki nan movèz pratik achete gaz pou fè mache nwa).

Chofè taksi yo, ki pwofite denonse  propriyetè ponp yo ak  ponpis yo, yo di, ki kontinye pran plezi yo ap vann gaz non sèl nan galon ak nan dwoum epi yo vann egalman 750 goud anba ponp; alòske leta fikse pou-l vann 570 goud nan ponp yo.

Chofè taksi yo ki esplike yo nan gwo tèt chaje chak fwa yo eseye achete galon gaz 1200 goud; sa lage yo nan gwo diskisyon ak pasajè yo, ki yo menm, pa vle peye kous la nan pri yo achete galon gazolin nan.

JOICY Arnold.

Comments are closed.