Manifestasyon pou bat tenèb dèyè Katèl Meri Pòdpè a

532


Pòdpè___(TRiboLAND) FòSNOu (Fòs Nòdwès ini), yon òganizasyon pwóch opozisyon an nan Nòdwès ansanm ak divès òganizasyon de baz nan vil Pòdpè, òganize yon manif jodi maten Jedi 20 Me 2020 sa a. Objektif manif sa a, se pou bat tenèb e pou di senè ken orevwa a Katèl Meri Pòdpè a ki gen nan te tèt Mouche Josué Alusma ke yo estime ki finn devalorize ou dechèpiye ak makrél parèy li yo tout byen komenn nan.

Selon pòtpawòl FòsNou an, Msye Paul Elie Faustin, jou kap Vandredi 22 Me 2020 kap vini, popilasyon Nòdwès la, komenn Pòdpè anpatikilye, bò minui konsa pap rekonèt siyati Mouche Josué Alusma ki te yon kansè ou yon initil ki pòv an kalifikasyon ke vil Pòdpè pat janm konnen. Yo estime egalman se yon eleman danjre ou yon pwofitè ki rive nan fen manda li.



Manifestan yo te tou pwofite depoze yon bouke flè nan pye moniman ansyen Mè adjwen komenn Pòdpè a, Tony Vernio ki te peri nan yon aksidan sikilasyon sou wout komisarya Pòdpè a nan dat 22 Me 2018 la abò yon Bako Lodè Mè Prensipal Josué Alusma t ap pilote.

Manif sa a ki te jwenn gwo sekirite bò kote PNH la, te fini san ensidan. Manifestan yo pwomèt pou redwi Site Cappoix Lamort a ansann si out fwa Palè Nasyonal ta gen entansyon rekondui Mouche Josué Alusma nan tèt Meri Pòdpè a.

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.