Responsab AGD yo rejwi pou resèt 4,8 milya goud pou mwa jwiyè a

253

Pòtoprens____(TriboLAND) Daprè yon nòt pou laprès ke Administration Générale des Douanes (AGD) mete deyò jodi jedi 6 out 2020 an, krab la pa si mal pou mwa jwiyè a; yo arive kolekte resèt ki yon ti jan genyen nanm.  AGD arive kolekte 30.87% nan resèt ke yo te prevwa ki estime a 4, 8 milya goud Lesco.

AGD ki bat gwo bwavo pou fason ke ajan dwanyè yo ap byen travay, konfime ke anplwaye sa yo kontribye anpil nan rantabilite sa ki bay anpil kontantman anndan enstitisyon an. Anplis, selon ekspè AGD yo, Ladwan genyen yon diplis 25.99% an konparezon ak figi mwa jwen 2020 an. Bon jan rezilta sa yo lye dabò ak pèsepsyon e fason ke ladwan jere nan peyi a ak lòt mekanism ki ranfòse lojisyèl Synovia World ke yo ap itilize pou dinamize strikti ladwan lan.

Anplis, otorite yo responsabilize pèfòmans sa egalman gras a yon seri dispozitif drastik ke yo te pran sitou nan sa ki te gen pou wè avèk ranfòsman ou kontwòl strikti ladwan yo ki lage yon koukouwouj dèyè frod faktirasyon ak rakèt malgre diminisyon enpòtasyon an ki a 22% ane sa.

Comments are closed.