Enstalasyon Frédéric Leconte kòm nouvo alatèt Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ)

0 453

Pòtopwens___(TRiboLAND) Yon pakèt chanjman pa sispann miltipliye nan piwo nivo nan tèt PNH la sitou nan dènye jou sa yo kote ke fenomènn asasinaj ak kidnapping ap bay anpil lawouli.

Frédéric Leconte se youn pami gwo tèt sa yo ki jwenn pwomosyon. Li pase de fonksyon responsab Biwo Ransèyman Jidisyè (BRJ) pou rive alatèt DCPJ, ke Joany Canéus tap dirije.

Enstalasyon Mesye Leconte lan fèt yè Lendi ki te 10 Fevwiye 2020 an. Yon chanjman pou anpil moun ki gen pou wè avèk non sèlman gwo ensekirite jeneralize ki blayi nan tout kwen anndan peyi a, men sitou kè sote ak degoutans moun ap devlope chak jou pa rapò zak bwigandaj, krim, absans leta, disparisyon, kidnapping, engouvènabilite, mizè nwa ak jistis sosyal ki mete gouvènman Jovenel Moise an defi.

Konsa, gouvènman an pa sispann trese lèl nan eseye tout wograde nan tout kalite pòs alòske ensekirite a rete tèt rèd.

Leave A Reply