Opozisyon nan Nòdwès mande pou pèp la mobilize paske detente vit machin p ap pote okenn rezilta

203
Me David Jean Baptiste

03/05/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Sektè Opozisyon Demokratik la onivo rejyon Nòdwè la ki di yo bouke parapò ak zak kidnapping, banditism ak enskirite popilasyon an kontinye ap sibi anba men patizan pouvwa anplas la, detèmine pou fè echèk ak plan diktatè msye Jovenel Moïse deside enplante atravè peyi a.

Deklarasyon Kowòdonatè depatmantal Mouvman Popilè Desalinyen an (MOPOD), Me David Jean Baptiste ki mande pou pèp ayisyen an, alawonnnbadè, kontinye limen flanbo mobilizasyon an byen wo pou fòse ansyen prezidan an, msye Jovenel Moïse kite palè nasyon an.

Desizyon Laprimati pran pou detente tout vit machin atravè repiblik la p ap pote ankenn rezilta pwiske majorite veyikil k ap komèt zak kidnapping e ansuit alimante ensekite a anndan peyi saa, se machin vit tente ak plak ofisyèl sa yo menm e ki pwòch pouvwa anplas la ki pa sispan simen dèy nan mitan popilasyon ayisyèn nan, daprè Me David Jean Baptiste ki t ap depoze sou TRiboLAND.

Pou nou fini, malgre opozisyon an nan depatman nòdwès la ap mande pou Jovenel Moïse respekte atik 134-2 Konstitisyon an, sa pa anpeche patizan pouvwa a onivo rejyon nòdwès la ap pwone dyalòg pou yon sòti de kriz.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.