Jeremi: Viktim tranbleman tè 6 jwen yo nan Sentelèn bloke sikilasyon an ak tant yo.

829

06-07-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) 2 jou aprè tranbleman tè a, kèk zònn depatman Grandans lan, patikilyèman Jeremi, gen gwo machwè gonfle. Abitan viktim yo nan Sentelèn, pi gwo bidonvil nan depatman an ; mande foto kopi ki sou pouvwa a, Ariel Henry asume responsablite li.

Konsa yo mande Ariel, sa kap fèt? E ki sa li konte fè ak sitiyasyon viktim yo ki pèdi manm fanmiy, kay, ak plizyè lòt bagay enpòtan.

Nan sans sa, gwoup moun sila yo, blayi tant yo nan mitan lari e bloke sitiyasyon an, yon fason pou fòse responsab leta yo fè yon men leve pou yo.

Comments are closed.