Nódwès/ Ensekirite : komisyon Episkopal Jistis ak Lapè (JILAP) Dyosèz Pódpè, idantifye 5 Komenn nan Nódwès bandi/chimè achte lajan kontan

0 390

Nan yon rankont ak Lapwès jounen Mèkredi 31 Jwiyè 2019 sa a, Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè dyosèz Pòdpè (JILAP), nan kad bilan l drese pou mwa Jwiyè 2019 la, sou zak asasinay ak tantativ asasinay ki rive komèt sou popilasyon Nòdwès la, fè konnen gen 5 komenn nan depatman Nòdwès la, bandi oubyen chimè achte lajan kontan e se ak katouch yo rive etenn souf victim sa yo.

Senk (5) komenn sa yo se: Pòdpè ak Ironce Mémé ki te tonbe anba bal Michaël Petit nan dat 21 Jwiyè 2019. Nan Basenble, nan dat 6 Jwiyè 2019, bandi yo rantre anndan komisarya sa a, touye ak zàm yon polisye ki pote non Johnny Bruicette. Nan Chansòl, 2 èm Seksyon, nan lanwit 13 Juiyè 2019, bandi asasinen Tatoute.nan Bonbadopolis, nan dat 22 Jwiyè 2019; Jeffly Radius te resevwa yon katouch nan men bandi e mouri souplas. Nan dat 27 Jwiyè 2019 nan Sen Lwi Dinò, Me Ogino Jérôme, 53 lane, mouri anba bal bandi yo pa rive idantifye, nan moman-l t ap jwe bezig ak yon gwoup zanmi l.

Msye Azarias Dubréus, Administratè Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè Dyosèz Pòdpè

Bandi ou chimè sa yo pa touye moun sèlman, men yo fè atanta ak vi moun tou. Nan Basenble, nan Lycée Jacques Stéphen Alexis, 2 elèv lise te agrese ak yon fouchèt Siveyan Jeneral Enstitisyon sa-a ansuit mete san-l deyò. Nan Chansòl,nan dat 13 Jwiyè 2019, ASEK Willy Toussaint te tante touye ak kout wòch ak baton yon peyizan ki pote non Selphin ki jounen jodi a kouche lakay li e malad gravman, grav. Selon Administratè Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè Dyosèz Pòdpè a, Msye Azarias Dubréus, ki deklare bandi sa yo toujou kontinye ap flannen nan mitan popilasyon an, san kòd Lapolis ak Lajistis pa nan kou yo.

Devan tout zak sa yo, Komisyon Jistis ak Lapè Dyosèz Pòdpè, ki di l konstate bandi sa yo toujou kontinye ap teworize Popilasyon an malgre krim yo fin komèt,mande pou Lapolis ak Lajistis pwan responsabilite yo pou pèmèt fanmi viktim yo jwenn Jistis ak reparasyon answit mande pou Ministè Lajistis gen je louvri oswa vin mennen bonjan ankèt nan aparèy Jistis la nan Nòdwès, yon aparèy kote Jistis la ap vann tankou pate cho

Saint-Jean wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply