MTVAYI TI prewokipe parapò konpòtman manfouben otorite ayisyen fas move tretman Repiblik Dominikèn yo

930

Mouvman pou transfòme ak valorize Ayiti prewokipe parapò konpòtman otorite ayisyen yo ki pa vrèman fè oken aksyon fas ak sitiyasyon difisil ayisyen ap konnen nan Repiblik Dominikèn

11-19-2022

Petyon Vil, Ayiti ____(TriboLAND) Nan yon nòt pou Laprès MTVAYITI mete deyò nan dat 18 novanm 2022 a, yo kritike konpòtman sangwen gouvènman defakto Ariel Henry a, ki rete inaktif fas britalite, enjistis ak move tretman ayisyen ak konnen nan Repiblik Dominikèn, tankou an Ayiti.

MTVAYITI konstate avèk endiyasyon, otorite ayisyen yo ki kite yon boulva devan bandi sangwen, pou yo kontinye komèt zak kriminèl ak simen latèrè sou prèske tout tèritwa nasyonal la.

MTVAYITI mete vwa li ak tout manm popilasyon sivil la pou mande gouvènman pran mezi ki fèm ak apwopye pou mete yon fen nan flewo sa. Mouvman pou transfòme ak valorize Ayiti a (MTVAYITI) denonse ak anpil enèji trètman inimen ajan polisye ak imigrasyon dominiken ap bay konpayriyòt nou yo, pandan yo vyole pwotokòl akò sou pwosedi rapatriman ki te siyen nan dat 2 desanm 1999 anba kout plim anbasadè Guy Lamothe pou Ayiti ak Wenceslas Guerrero pou Repiblik Dominikèn.

Pandan yap pwone yon pakèt amoni ant 2 peyi yo ki pataje lil la, MTVAYITI mande gouvènman an pou soti nan silans, pou yo entèvni atravè kanal diplomatik yo, yon fason pou yo ka jwenn solisyon efikas parapò ak sitiyasyon malouk sitwayen ayisyen ap sibi kay vwazen. Pandan yo kontinye kwè, fas ak kriz global peyia ap konnen la, tout sektè nan peyia dwe fè efò pou mete ansanm pou jwenn yon solisyon dirab paske lè a rive pou-n sispann fè jwèt mesken, konkli Sekretè jeneral MTV a, Schultz Simpssie Cazir.

Comments are closed.