Yon jèn gason mouri asasinen anndan lakay li sou Zile Latòti.

1,254

03-28-2023

Prosper Perry, se non yon jèn gason 42 lane, envidivi pèsòn pa rive idantifye kraze ak kout bal, nan lokalite Tamaren, nan komin Latòti, awondisman Pòdpè.

Latòti, ayiti___(TRiboLAND) Ensekirite jeneralize kap taye banda sou tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti a, pa kite endiferan abitan ou peyizan kap viv sou Zile Latòti, nan Nòdwès peyi a.

Bandi san fwa ni lwa, san manman san papa, pèsòn pa rive idantifye, kap opere sou Zile Latòti a, rantre san onè e san manda pandan lanjelis diswà lakay Prosper Perry, yon jèn gason 42 lane e touye’l ak plis pase 3 bal, san di yon mo.

Fanmiy Prosper Perry, ki enkonsolab nan moman, fè konnen, bandi yo nan moman yo tap rantre nan kay la, te fwape pòt li, sou pretèks yon moun kel konnen saw tande a, 4 endividi parèt sou li epi yo ouvri kout zam sou li.

Comments are closed.