Komisè Muscadin tanmen yon operasyon checkpoint sou wout Gransid lan nan Miragwan depatman Nip peyi a.

888


04 – 28 – 2024


Miragwàn, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin tanmen yon seri operasyon checkpoint ak ekip li sou wout Gransid la, nan nivo Bèken, Miragwàn byen bonè dimanch 28 avril 2024 la.

Daprè komisè gouvènman pakè Miragwàn nan, yo tanmen seri operasyon checkpoint sila yo, se nan lide pou kontwole nèg ak zam yo kap frekante depatman an, epi chèche evade prizon ki sove nan Penitansye nasyonal ak Kwadèboukè nan dat 29 fevriye 2024 pase a, li di ki gaye kò yo nan lanati.

Chèf pakè jiridiksyon Miragwàn nan Jean Ernest Muscadin deklare ke li renouvle volonte li pou li kontinye trake bandi sangwen, kriminèl yo epi di yo men kwa manman yo, men kwa papa yo, depi yo pile depatman pal la, sa lap dirije a, yo pap tounen vivan.

Comments are closed.