Basen Ble: distribisyon materyèl eskolè ak kit alimantè pou timoun pi ki vilnerab yo

301

02/27/21

Basen Ble____(TriboLAND) Ansyen depite Basen Ble a, msye Denis Saint-Fort, aprè plis pase yon lane depi l kite palman an kote l te oblije rantre nan peyi lòt bò dlo pou rezon sante, retounen lakay li , nan Basenble, depatman Nòdwès, pou l kapab kontinye vin mete l nan pozisyon pou li bay popilasyon an sèvis.

Denis Saint-Fort


Se Konsa, kòm dabitid, ansyen depite PHTK a, te pwosede jounen samdi 27 fevriye 2021 ak distribisyon materyèl eskolè, tankou: liv, inifòm, soulye ak jwèt bay plis pase 600 timoun lekòl ki te soti nan tout bout kwen nan komin nan. Ansyen depite 50è lejislati a, te pwofite distribye tou plis pase 5O0 kit alimantè ki te gen ladan diri, pwa lwil e latriye bay moun ki plis nan bezwen yo.

Kesyone depite Denis Saint-Fort sou orijin ansanm materyèl eskolè ak pwodui alimantè sa yo, li deklare genyen yon pòsyon ki soti nan pòch li, lòt pòsyon an soti bò kote Premyè dàm Repiblik la, Madàm Martine Moïse ak minis Edikasyon Nasyonal la, msye Pierre Josué Agénor Cadet.

Konsènan kriz k ap souke labile peyi Dessalin nan, ansyen palmantè PHTK a, fè konnen li pap achte figi pèsòn moun; savledi opozisyon politik la ansanm ak egzekitif la dwe jwenn yon fòmul dantant pou rive sove peyi sa a kote grangou, lamizè, ensekirite ak lavichè se sèl kòk chante.

Pou n fini, ansyen palmantè a te adrese l dirèkteman ak ansyen prezidan an, msye Jovenel Moïse pou l vin founi je gade komin Basen Ble, depatman Nòdwès, ki kontinye ap viv nan mizèrere.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.