Agrikiltil: Federasyon Plantè nan depatman Nòdwès la mande pou responsab yo pote yo sekou

1,927

Par John Jean Jacques 12/07/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Travay latè se yonn nan zouti ki ka retire yon pèp nan grangou e ki ka bouskile lavi chè. Anpil gwo peyi sèvi ak li pou wete pèp yo nan grangou. Yon gwoup plantè ki fòme yon federasyon ki pote non “federasyon plantè” rele anmwe akoz plant yo kap depafini.

Federasyon ki reyini plantè nan vale Twà Rivyè, soti Lahàt, limit Basen Ble – Gwomòn rive nan bouchi Twà Rivyè Pòdpè ta fè konnen ke li pa kapab kenbe ankò akoz plant yo kap fin depafini.

Nan yon nòt ki te pibliye weekend sa, federasyon plantè yo, fè konnen ke yo pèdi tout plantasyon sezon otòn yo, e yo sou wout kap mennen yo tèt dwat nan pèdisyon plantasyon ivè yo tou, pa gen dlo atan, malgre Direksyon Depatmantal Agrikilti nan Nòdwès fè anpil jefò pou amelyore sitiyasyon an ki pa sispan ap anvlimen ou deteryore.

Plantè sa yo mande pou Ministè agrililti ak anviwonman kole tèt yo ansanm pou twouve yon jan, yon mannyè, yon fòmil, kap kapab fasilite peyizan vale a, enstale 4 ponp, estasyon solè ki disponib depi yon bon bout tan pou komin Basen Ble a.

Comments are closed.