Nòdwès: asosyasyon pechè zangi zòn bouchi a estime ouvèti zangi a ane sa pa bay kè kontan

286

10\14\20

Pòdpè___(TRiboLAND) Raymond Julien, sekretè Asosyasyon Pechè Zangi (APZ) zòn bouchi a estime ane saa ouvèti zangi a pa bay kè kontan akòz absan pri ak mete sou lapli ki pa tonbe san konte van ki pa vante.

Pou Julien menm si pata gen van ak lapli, pri zangi a se yonn nan faktè ki ka pèmèt pechè yo fè “lafwa”, sa vle di, nan langaj kode, pechè yo pase plis tan nan dlo.

Nan moman ki pase yo dapwè sekretè a, yon gram zangi tap vann gde 250 jiska gde 400, desann nan gde 75 – gde 100. Raymond bò kote pal, santi gen nesesite pou chita ak gran founisè nasyonal yo ak ekspòtatè entènasyonal yo, yon mannyè pou rive chita sou faktè ki pèmèt zangi a pèdi tout valè l ane saa.

Yon lòt bò, sekretè asosyasyon an, ki li menm pale sou fason yo rive òganize bouchi a, santi li fyè pou sa ke asosyasyon ke l’ap dirije deja reyalize. APZ reyalize divès kalte travay tankou: konstriksyon latrin, fè rantre dlo DINEPA ak konstriksyon biwo pou loje asosyasyon pechè yo elatriye…, daprè Alatèt la ki tap depoze.

Pou fini, sekretè a swete tout moun kap vin achte zangi rejwenn ak komite k ap jere zangi a, yon mannyè pou strikti ak modalite yo fasilite bon fonksyonman APZ kap supòte yon bon valè fanmiy ki nan chomay.

Genson HYPPOLITE. gensonhyppolite8@gmail. com

Comments are closed.