Nòdwès : Yon ti gwoup moun kontinye ap mande jistis pou pwezidan Jovenel Moise e reklame demaraj pwojè ayewopò Mòn Ron an

939

08/05/2021

Mònn Ron, Pòdpè_______(TRiboLAND) Yon ti gwoup moun pwoteste nan Mòn Ron, mande jistis pou pwezidan Jovenel Moise e yo egalman ensiste sou pwojè ayewopò chèf deta a ki te dwe deja demare.

Sou inisyativ fanmiy Saintil nan Mòn Ron, peyizan yo te genyen pankàt ki (fè defun konnen ke yo pap janm bliye l) nan men yo e yo te estasyone toupwè yon gwo traktè ki te deja souplas pou demaraj pwojè a ki ta sanble bwè lwil nan ajanda nouvo gouvènman fantòm Ariel Henry ki deklare ke lap kontinye ak eritaj Moise la.

Manifestan yo pèsiste sou lantè ak devyasyon otorite federal yo ap manniganse yon fason pou pwezidan Moise pa arive jwen jistis. “Nou pa ka konpran, nan yon parèy zàk kriminèl pou pa genyen oken gwo mapou (minis defans, enteryè, lajistis …) ki pat jwen revokasyon yo”, dapwè yon manifestan ki tap degaje konsyans li.

Lòt manifestan deklare ke teren an te deja achte, ekipman yo te deja kòmanse ap debake e kontra yo te deja finalize, ki sa ki genyen ankò? Konsa, Yo mande pou otorite yo bay dèyè yo 2 tap, pou avansman pwojè ayewopò a ki se youn pami rèv defen an; yon plan ki kapab resisite devlopman ekonomik nan depatman Nòdwès la.

Nap raple, pwojè ayewopò Mòn Ron an, se inisyativ ansyen pwezidan Jovenel Moise nan kàd leve eskanp figi Nòdwès ki anba yon konspirasyon nasyonal ak tretman an paran pov. Dirijan, boujwazi sangwen ak politisyen ou militan politik sankoutcha ki toujou ap deside pou repiblik Pòtopwens, toujou manifeste yon konpòtman aloufa kriminèl pou retire nan bouch Nòdwès tout sa li dwe posede kòm depatman.

Comments are closed.