Collège Notre Dame de Lourdes nan Pòdpè komemore 64 lane egzistans li.

237

02/12/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jounen jedi 11 fevriye 2021 an, Kolèj Notre Dame de Lourdes nan vil Pòdpè, komemore 64 lane egzistans li.

Nan okazyon an, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi, te rive chante anndan Katedral Pòdpè a, byen bonè maten jedi 11 fevriye 2021 an, anprezans pwofesè, elèv, paran ak ansyen elèv ki te soti toupatou.

Mgr Charles Peters Barthélus

Prensipal selebran an, Mgr Charles Peters Barthélus, evèk dyosèz Pòdpè a, nan omeli sikonstsans lan, te atire atansyon elèv yo sou danje ki menase lavi yo tankou: dwòg, delenkans, movèz jesyon, entènèt, lamizè (konn lakòz pafwa nou asepte nenpòt bagay nan lavi nou e ki konn lakòz nou abandone lekòl), move pwogràm (Ti sourit, Cho Bikini, Kawach), ak move zanmi.

Lè n pa vle fè silans savledi nou toujou konekte tout lasent jounen ak yon mizik nan zòrèy nou ki konn anpeche nou suiv lè nou nan sal klas yo. Zafè gang lan, se yon lòt danje. Majorite jèn ki nan zak sa yo, gen laj 15 pou rive 22 lane e se yo menm k ap pwodui move zafè nan lari a, nan sosyete a.

Kriz sosyo politik peyi a fè zak kidnapping, vyòl, ensekirite lakòz enkyetid, estrès anvayi nou chak fwa nou pran lari a paske nou pa konn sa k’ap tann nou.

Mank motivasyon ki konn fè jèn nan asèpte viv nan nenpòt kondisyon sa vle di li pa motive pou’l chita sou ban lekòl ni pou’l aprann, ni pou’l konnen pi plis toujou, ni kijan pou l pale ak moun, ni ki kalte zanmi li dwe frekante e ni fason l dwe prepare demen l.



Move kondisyon anviwònman an konn fè maladi tonbe sou nou lè n pa mete pwòpte nan zòn kote n ap viv la. Lòt e dènye danje se mank ankadreman kote tout paran remèt demisyon yo. Sa w tande a jèn yo fè sa yo pito, soti lè yo vle answit yo aji konmsi se yo ki mèt kay la, pou n site sa yo sèlman.

Devan tout krèy danje sa yo ki menase lavi jèn sa yo jounen jodi a, Evèk dyosèz Pòdpè a, Mgr Charles Peters Barthélus, mande pou jèn yo kontinye fè Granmèt la konfyans. Selon prela Nòdwès la, kèlkeswa pwoblèm ki menase lavi nou, nou pa bezwen trakase tèt nou paske solisyon an nan plat men Granmèt la.

Fòk nou di, 11 fevriye 2021 an tou, se fèt Notre Dame de Lourdes, yon fèt katolik ki te selebre nan komin Chansolme ak nan Grantfalèz, 3e seksyon kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès.

Saint Jean Wiskis



Comments are closed.