Madam Herla Jeanvil nome Manman pou ane a nan Pawas “Les saints innocents”

413
0
Share:
TRiboLAND


05 – 27 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Pawas “Les saints innocents” Pòdpè onore Madam Herla Jeanvil kòm Manman pou ane 2024 la, jounen dimanch 26 me 2024 la nan okazyon Fèt Manman yo.

Sa rete kòm yon veritab tradisyon nan Legliz Katolik anglikàn sila ki trouve li nan vil Pòdpè. Enstitisyon relijyez sila ki genyen nan tèt li Reveran Pè Wilky Avril, toujou selebwe chak dènye dimanch nan mwa me, Fèt Manman yo e onore yon Manman kòm “Manman pou ane a”.

Pou ane 2024 la, se Madam Herla Jeanvil ki siksede Madam Léonie Beauté ki te gen pri sa ane pase. Se yon okazyon pou tout Legliz la aklame Manman sa, chante ak priye pou li. Pawas la toujou pwofite okazyon sa pou onore Manman ki se Dwayèn Legliz la, sila ki gen plis laj la, Suzette Luly.

Pandan Legliz la swete tout Manman yo bòn fèt, yo rete atache ak ativite sa yo ki rete kòm tradisyon. Lanmou Manman pa gen pri daprè Pè Avril.

Share:

Leave a reply