Komite elèv nan Kolèj Reveran Pè Jean Bruno, nan 9èm seksyon kominal Tigwav, onore 3 anseyan.

06 – 1 7- 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komite elèv nan Kolèj Reveran Pè Jean Bruny, nan 9èm seksyon kominal Tigwav, nan yon seremoni yo òganize jodi lendi 17 jen 2024 la, nan lokal kolèj la, onore 3 anseyan, yo estime ki fòme plizyè jenerasyon nan divès domèn, tankou avoka, nòmalyen, doktè, enjenyè, agwonòm elatriye.
Youn nan elèv yo nan moman diskou sikonstans lan, deklare yon anseyan pa genyen pri, pou sakrifis yo fè, pou enèji yo depanse, pou kouraj ke yo envesti; sepandan se yo menm ki pi maltrete nan sektè a.
Toutfwa, komite elèv yo, atire atansyon nouvo palmantè ki pral syeje nan palman ayisyen an, pou yo fè prèv imanis, yon fason pou mete lajan nan bidjè peyi a, pou rive amelyore kondisyon vi anseyan ayisyen yo.
Casimir Sauveur, Jean Robert Jérôme ak Laurent Sanon, se non 3 anseyan komite elèv yo, nan Kolèj Reveran Pè Jean Bruny onore.







Bnsr fanmiy triboland
Triboland latoti fonkiyez