Bed-Ford Claude: Yon nouvo sibtitu komisè gouvènman a.i pou Pòtoprens

191

02/06/2021

Pòtoprens____(TRiboLAND) Jovenel Moise apèn nome yon nouvo sibtitu komisè gouvènman a.i nan Pòtoprens jodi samdi 6 fevriye 2021, Mèt Bed-Ford Claude ki ta sanble pa gen men pwòp selon yon radyo nan kapital la.

Nan yon lèt ke li soumèt bay Bed-Ford Claude, minis Lajistis ak Sekirite Piblik (MJSP), Mèt Rockfeller Vincent anonse chwa avoka a kòm Alatèt Pakè Pòtoprens lan nan plas Mèt Gabriel Ducamel.

Nap raple, Mèt Claude ki ta sanble genyen karaktè li ki tranpe nan dlo sal, pran pozisyon an nan yon kontèks peyi a cho e diskisyon santre sou dure manda prezidansyèl Jovenel Moise ki tonbe nan yon echeyans konstitusyonèl kap pran fen demen 7 fevriye 2021 an, swa nan kèlke èdtan.

Pou anpil moun, ta sanble se yon dènye ma nominasyon pouvwa PHTK a avan fen rènn manda pouvwa kidnapping kòwonpi an.

Comments are closed.