Konstriksyon Pon Pariso ki relye komin Karis avèk komin Montò Ganize

192
0
Share:
TRiboLAND

Karis, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad angajman popilasyon Wo Nòdès la pou chanje kondisyon lavi yo, travay konstriksyon Pon Pariso anpil moun rele Pon “Dlo Gad” sou wout ki konekte komin Karis ak Montò Ganize, demare an chantye change.

Pon sa a, ki te toujou yon gwo menas pou chofè ak pyeton, tounen jodi a yon senbòl detèminasyon ak inite popilasyon an kap fè fas ak difikilte chak jou ki jou. la. konsa, ta sanble, se grès kochon an kap kwit kochon an. Kidonk, se gras ak kontribisyon popilasyon an menm, ki fasilite travay yo ap pran pye. Konsa, san oken sipò mouche Leta.

Inisyativ sa a antre totalman nan kad travay devlopman kominotè popilasyon Wo Nòdès la, ki depi nan mwa Me 2025 te lanse mouvman amenajman twonson wout Karis / Montò Ganize pou sèvi kòm yon egzanp pou tout peyi a.

“Nou pa ka tann leta, se pou nou pran desten nou nan men”, se sa plizyè patisipan nan chan travay la fè konnen.
Travay wout la kòmanse, e li pa dwe kanpe! Atravè plizyè slogan, popilasyon an ekspwime detèminasyon li pou yon parèy travay konsa pa kanpe nan wout.
WPK – Wout la pap kanpe.

Share:

Leave a reply