Nodwès: Minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet voye yon pinga bay tout anseyan ki pa vle al travay nan sal klas yo

243

12/21/20

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès, pandan pasaj li nan metwopòl nòdwès la jodi dimanch 20 desanm 2020 an, minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet anonse gen sanksyon kap tann tout anseyan raketè ki pa vle al travay ak timoun yo nan sal klas yo.

Selon minis lan, gen plis pase 11, 000 anseyan ki deja genyen lèt nominasyon nan men yo ak tout salè yo. Minis lan di lap travay pou mete lòd anndan sistèm edikatif ayisyen an e se poutèt sa li pat mete dlo nan bouch li pou di gen sanksyon ki pral pran kont tout anseyan raketè kap touche lajan leta epi ki refize bay timoun yo pen enstriksyon.

Agénor Cadet kontinye pou di, anseyan yo gen dwa revandike men sa dwe fèt selon lalwa pandan l pase lòd fòmèl ak tout direktè depatmantal yo pou founi l yon rapò detaye sou mòd anseyan sa yo; konsa, li pap ezite yon segonn mete yo deyò anndan sistèm nan.

Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet te fè deklarasyon sila yo pandan pasaj li nan metropòl nodwès la nan moman li tap patisipe nan Vant Siyati 60è edisyon “Livres en Liberté” Bibliyotèk Georges Castra nan Limbé t ap òganize nan vil Pòdpè kote majorite ekriven ki te soti toupatou atravè repiblik la te répond prezan.

Saint Jean wiskis



Comments are closed.